Isaiah 10:26
Mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, m'ap pran fwèt pou m' bat yo, menm jan mwen te bat moun peyi Madyan yo bò gwo wòch Orèb la. M'ap fè peyi Lasiri soufri menm jan mwen te fè peyi Lejip soufri a.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Talè konsa, m'ap fin regle ak nou. Apre sa, m'ap vire sou yo, m'ap disparèt yo.
Cross References
Exodus 14:16Ou menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk.
Judges 7:25Yo mete men sou Orèb ak Zeyèb, de nan chèf moun Madyan yo. Yo touye Orèb sou Wòch Orèb la, Zeyèb nan basen rezen Zeyèb la. Apre sa, yo kouri toujou dèyè moun Madyan yo. Lèfini, yo pote tèt Orèb ak tèt Zeyèb bay Jedeyon ki te sou bò solèy leve larivyè Jouden an.
Nehemiah 9:10Ou te fè anpil mirak ak mèvèy pou pini farawon an, moun ki t'ap sèvi l' yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la paske ou te konnen jan moun sa yo t'ap maltrete pèp ou a. Depi lè sa a, y'ap nonmen nou ou jouk jòdi a.
Psalms 83:11(083:12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,
Isaiah 9:3Ou fè yo vin anpil, Seyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.
Isaiah 10:16Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.