Isaiah 11:6
Bèt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini, se yon timoun ki pral okipe yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
5L'a gouvènen pèp la san patipri, l'a dirije pèp la jan sa dwe fèt!
Cross References
Isaiah 65:25Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pesonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Seyè a menm ki di sa!
Hosea 2:18Lè sa a, m'a pase yon kontra avèk tout zannimo nan savann ak tout zwazo k'ap vole nan syèl la ak tout bèt k'ap trennen sou vant pou yo pa fè pèp la anyen. M'ap kraze banza ak nepe pou yo pa fè lagè ankò nan peyi a, pou moun ka kouche dòmi ak kè poze san danje.
Romans 14:17Gouvènman Bondye ki wa a, se pa yon afè manje ak bwè, men se yon keksyon fè sa ki byen, viv ak kè poze ak kè kontan. Bagay sa yo, se Sentespri ki bay yo.
2 Corinthians 5:14Paske, se kalite renmen Kris la gen pou nou an k'ap dirije m': mwen gen konviksyon sa a, si yon sèl moun te mouri pou tout lòt yo, sa vle di tout lòt yo mouri ansanm avè li.
Ephesians 4:22Se sa ki fè, se pou nou chanje vye karaktè sa a ki t'ap fè nou viv jan nou t'ap viv nan tan lontan an, vye moun sa a ki te fin pèvèti nèt ak vye dezi l' yo ki t'ap twonpe nou.
Titus 3:3Paske, nou menm tou, nan tan lontan nou te tankou moun fou, nou pa t' obeyisan devan Bondye, nou te tankou moun ki pèdi chemen yo. Nou te esklav tout kalite move dezi ak move plezi. Nou t'ap viv ak mechanste, ak jalouzi nan kè nou. Moun te rayi nou, epi nou menm, nou te rayi yo tou.