Isaiah 65:25
Chen mawon ak mouton pral manje ansanm. Lyon pral manje zèb menm jan ak bèf. Sèpan p'ap yon danje ankò pou pesonn. Sou tout mòn ki apa pou mwen an, p'ap gen mechanste, p'ap gen rayisab ankò. Se Seyè a menm ki di sa!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:14Seyè a, Bondye a, di sèpan an konsa. Poutèt sa ou fè a, ou madichonnen nan mitan tout bèt jaden ak tout bèt nan bwa. W'a rale sou vant ou. W'a manje pousyè tè jouk jou ou mouri.
Isaiah 11:6Bèt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini, se yon timoun ki pral okipe yo.
Isaiah 11:9Pesonn p'ap fè mechanste. Pesonn p'ap fè sa ki mal sou mòn ki apa pou Bondye a, sou mòn Siyon an! Paske kè tout moun nan peyi a pral plen konesans Bondye, menm jan fon lanmè a plen dlo.
Isaiah 65:11Men pou nou menm ki vire do bay Seyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,
Micah 4:3L'ap regle kont nasyon yo gen yonn ak lòt, l'ap sèvi jij pou gwo peyi ki byen lwen. Y'ap pran mato, y'ap fè zam yo tounen zouti pou travay tè. Y'ap fè nepe yo tounen sèpèt. Nasyon yo p'ap fè lagè yonn ak lòt ankò. Yo p'ap janm aprann fè lagè ankò.
Zechariah 8:3Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: M'ap tounen sou mòn Siyon an. Mwen pral rete nan mitan lavil Jerizalèm. Y'a rele Jerizalèm Lavil kote moun kenbe pye Bondye yo fèm. Y'a rele mòn Seyè ki gen tout pouvwa a Mòn ki apa pou Seyè a.