Isaiah 12:2
Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:2Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
Psalms 27:1Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?
Psalms 68:20(068:21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.
Psalms 83:18(083:19) Fè yo konnen se ou menm sèl ki Seyè, se ou menm ki sèl chèf sou tout latè.
Psalms 118:21Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!