Isaiah 12:6
Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Chante pou Seyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!
Cross References
Deuteronomy 23:15Si yon esklav sove lakay mèt li vin mande nou pwoteksyon, nou pa gen dwa renmèt li bay mèt li.
Psalms 68:16(068:17) Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan.
Psalms 89:18(089:19) Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.
Psalms 132:14Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.
Isaiah 8:18Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive.
Isaiah 24:23lalin lan pral vin tou nwa. Solèy la p'ap klere ankò, paske Seyè ki gen tout pouvwa a pral sèl wa. Li pral gouvènen nan lavil Jerizalèm sou tèt mòn Siyon an. Tout chèf fanmi pèp li a pral wè gwo pouvwa li.