Isaiah 8:18
Men mwen ansanm ak tout pitit Seyè a ban mwen yo! Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm ki rete sou mòn Siyon an, li fè nou tounen yon siy nan mitan pèp la pou nou moutre sa ki pral rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 9:11(09:12) Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
Psalms 22:30(022:31) Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo.
Isaiah 7:3Seyè a di Ezayi konsa: -Pran Chea-Jachoub, pitit gason ou lan, avè ou. Al kontre wa Akaz. W'a jwenn li sou wout ap moute bò kote yo konn lave twal ki fèk tenn yo, nan direksyon kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.
Isaiah 8:3Apre sa, m' al kouche ak madanm mwen. Li vin ansent, li fè yon pitit gason. Seyè a di m' konsa: -W'a rele l': Prese piye, prese devalize.
Isaiah 14:32Kisa n'a reponn mesaje moun peyi Filisti yo va voye kote nou an? N'a di yo se Seyè a menm ki mete peyi Siyon an kanpe ankò pou tout bon. Se la tout pèp li a, pèp ki t'ap soufri a, va vin jwenn pwoteksyon.
Isaiah 53:10Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l' anba soufrans konsa, pou l' te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. L'a wè pitit pitit li yo. L'a viv pi lontan toujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l'.