Isaiah 14:11
Jan yo te konn fè lwanj ou ak bèl mizik dous sou gita! Koulye a, men ou nan peyi mò yo. Ou kouche sou yon kabann plen vèmen. Vè kouvri tout kò ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Yo tout pran pale, y'ap di: Gade! Yo desann ou jan ou te desann nou an. Ou tounen tankou nou.
Cross References
Job 17:13Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'.
Job 21:26Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.
Isaiah 21:4Tèt mwen ap vire. M'ap tranble tèlman mwen pè. Mwen t'ap tann solèy la kouche. Men, lè aswè rive, se te pi mal.
Isaiah 66:24Lè y'ap kite lavil la, y'a wè kadav moun ki te vire do ban mwen yo. Vè k'ap manje yo p'ap janm mouri, dife k'ap boule yo a p'ap janm tenyen. Tout moun sou latè pral gen kè plen lè y'a wè sa!
Ezekiel 32:19Di yo konsa: -Nou konprann nou pi bèl pase tout moun? Enben, nou pral desann nan peyi kote mò yo ye a. Nou pral kouche ansanm ak moun ki pa pote mak kontra Bondye a.
Daniel 5:25Men sa ki ekri: Konte. Konte. Peze. Separe.