Job 21:26
Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan.
Bib La
In The King James Version
They shall lie down alike in the dust, and the worms shall cover them.
In Context
27Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a.
Cross References
Job 3:18Anba tè a, tout prizonye gen kè poze. Yo p'ap tande vwa majò prizon an nan zòrèy yo.
Job 17:14Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'.
Job 20:11Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
Psalms 49:14(049:15) Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete.
Ecclesiastes 9:3Se menm sò a pou tout moun. Sa tou, tankou tout lòt bagay ki rive sou latè, se yon malè. Se konsa, moun pase tout lavi yo ak mechanste nan kè yo, y'ap kite lide moun fou travay nan tèt yo, epi yo rete konsa yo mouri.