Isaiah 14:13
Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a.
Cross References
Job 20:6Yo te mèt grandi jouk pou yo rive wotè syèl la, jouk pou tèt yo ta rive nan nwaj yo,
Isaiah 2:2Yon tan gen pou rive! Lè sa a, mòn kote Tanp lan ye a, va pi wo pase tout lòt mòn yo. L'ap kanpe byen wo nan mitan mòn yo. Moun va soti nan tout peyi an kantite vin sou li.
Ezekiel 27:3W'a pale ak moun lavil Tir yo, lavil ki kanpe bò lanmè a, lavil k'ap fè kòmès ak dènye moun ki rete bò lanmè, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: -Nou menm, moun lavil Tir, k'ap mache di: Pa gen pi bèl peyi pase peyi nou an!
Ezekiel 28:9Lè y'a vini pou yo touye ou la, w'a pretann di se yon bondye ou ye toujou? Pou moun k'ap touye ou yo, se moun w'ap ye. Ou p'ap yon bondye kras.
Ezekiel 28:14Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife.
Daniel 4:30li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.