Isaiah 14:31
Nou menm k'ap veye pòtay lavil moun Filisti yo, nou mèt plenn kont kò nou! Nou menm ki rete anndan lavil yo, nou mèt pouse kont rèl nou. Nou tout moun peyi Filisti yo, nou mèt tranble nan tout kò nou. Yon nwaj nwa ap vini soti nan nò. Se yon gwo lame. Pa gen yonn nan sòlda li yo k'ap fè kazwèl!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 13:6Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a.
Isaiah 16:7Men moun Moab yo pral plenyen sò peyi Moab la. Yo tout pral kriye lè y'a chonje bon pen rezen yo konn jwenn lavil Kyerès. Yo pral plenn, y'ap pèdi tout kouraj yo.
Isaiah 24:12Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.
Jeremiah 25:16Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo.