Isaiah 14:32
Kisa n'a reponn mesaje moun peyi Filisti yo va voye kote nou an? N'a di yo se Seyè a menm ki mete peyi Siyon an kanpe ankò pou tout bon. Se la tout pèp li a, pèp ki t'ap soufri a, va vin jwenn pwoteksyon.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 20:12Nan menm epòk sa a, wa peyi Babilòn lan, Mewodak Baladan, pitit gason Baladan, vin konnen wa Ezekyas te malad. Li voye yon lèt ba li ansanm ak yon kado.
Psalms 87:1Se yon sòm pitit Kore yo. Se yon chante li ye. Bondye bati lavil li a sou mòn ki apa pou li a!
Psalms 102:16(0102:17) Seyè a va rebati lavil Siyon, l'a fè wè jan li gen pouvwa.
Psalms 132:13Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
Isaiah 4:6Lajounen, l'ap kouvri lavil la pou chalè solèy pa bat li. L'ap pwoteje l' pou loray ak lapli pa fè l' anyen.
Isaiah 12:6Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.