Isaiah 15:5
Kè m' ap fann pou peyi Moab! Moun li yo ap kouri al kache jouk lavil Zoa ak lavil Eglat-Chelichiya. Moun ap kriye antan y'ap rale moute ti pant pou rive lavil Loukit la. Moun ap rele antan y'ap kouri met deyò sou wout ki mennen lavil Owonayim lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Larivyè Nimrim chèch. Tout zèb fin cheche. Fèy pyebwa yo fennen. Tout pyebwa mouri.
Cross References
Genesis 14:2Yo kat yo leve, y al fè lagè ak senk lòt wa. Bera ki te wa Sodòm, Bicha ki te wa Gomò, Cheneab ki te wa Adma, Chemebè ki te wa zeboyim yo, ak wa peyi Bela a. Peyi sa a te rele Zoa tou.
2 Samuel 15:23Tout moun nan peyi a t'ap rele byen fò lè yo wè David ak moun pa l' yo ap pase ale. David janbe lòt bò ravin Sedwon an ansanm ak tout moun li yo. Yo pran wout ki mennen nan dezè a.
Isaiah 16:9Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.
Isaiah 22:5Jounen jòdi a, se yon jou debandad, se jou yo pèdi batay la, se jou pesonn pa konn sa pou yo fè. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki fè sa rive nou. Nan Fon Vizyon an, y'ap kraze miray lavil yo met atè. Nan tout mòn yo, y'ap rele mande sekou.
Jeremiah 8:18Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m' ap fann!
Jeremiah 9:18Pèp la di: Di yo fè vit vin plenn sò nou! Annou kriye, annou fè je nou kouri dlo!