Isaiah 16:9
Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m' pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 9:3Ou fè yo vin anpil, Seyè! Ou ba yo gwo kè kontan. Yo te kontan wè sa ou fè pou yo, tankou moun k'ap fè fèt lè sezon rekòt, tankou moun k'ap fè gwo fèt lè y'ap separe sa yo pran nan lagè.
Jeremiah 40:10Mwen menm, m'ap rete isit lavil Mispa. Konsa, m'a pale pou nou ak moun Babilòn yo lè y'a vini. Nou menm, nou mèt al fè rekòt rezen, lòt fwi ak lwil. Mete yo nan depo. Nou mèt rete nan lavil kote n'a ye yo.
Jeremiah 48:32M'ap kriye pou moun lavil Sibma yo plis pase jan mwen te kriye pou moun lavil Jazè yo. Lavil Sibma te tankou yon gwo pye rezen. Branch li yo travèse lòt bò lanmè Mouri a, yo rive jouk lavil Jazè. Men koulye a, yo ravaje tout rekòt la, yo dechèpiye tout rezen nou te ranmase yo.