Isaiah 15:8
Toupatou, sou fwontyè peyi Moab la, se rèl. Rèl yo rive jouk nan zòrèy moun lavil Eglayim ak moun lavil Berelim.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Tout moun ap janbe lòt bò ravin Banbou avèk tou sa yo genyen ak tout pwovizyon yo.
Cross References
Isaiah 15:2Moun peyi Moab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y' al kriye. Moun peyi Moab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.
Jeremiah 48:31Se konsa, m'ap plenn sò moun Moab yo, m'ap rele pou tout peyi Moab yo, pou moun lavil Ki-Erès yo.