Isaiah 15:9
Lavil Dimon, dlo larivyè a wouj ak san! Men Bondye pare yon pi gwo malè pou lavil Dimon. Se la yon lyon pral touye dènye moun peyi Moab ki te resi chape kò yo. Se la tout rès moun peyi Moab yo pral mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:18Si, atousa toujou, nou pa koute m', m'ap peni nou sèt fwa pi rèd pase anvan poutèt peche nou yo.
Leviticus 26:24mwen menm tou m'a kenbe tèt avèk nou. M'ap frape nou sèt fwa pi rèd ankò pase anvan poutèt peche nou yo.
Numbers 21:30Men koulye a, se moun lavil Esbon yo ki pèdi nèt fwa sa a! Nou mete kou sou yo depi lavil Esbon rive Dibon! Nou devaste peyi a kite l' blanch jouk Nofak, toupre Medeba.
Jeremiah 15:3Mwen pral voye kat kalite malè sou yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa: Nepe pou touye yo, chen pou trennen yo pote ale, zwezo nan syèl pou devore yo, bèt nan bwa pou fini ak yo.
Jeremiah 50:17Seyè a di ankò: -Pèp Izrayèl la te tankou mouton ki pèdi bann yo. Lyon gaye yo nan tout raje. Premye moun ki mete men sou yo se te wa peyi Lasiri a. Apre sa, se te Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, ki te kraze tout zo yo.