Isaiah 16:2
Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 2:36Depi lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pa t' gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Seyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou.
Deuteronomy 3:12Lè nou fin pran peyi a pou nou, mwen bay branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la pòsyon ki soti bò lavil Awoyè a, toupre ravin Anon, rive pran mwatye nan mòn Galarad la avèk tout lavil ki ladan yo.
Judges 11:18Apre sa, yo pran mache nan dezè a, yo fè yon detou pou yo pa pase nan peyi Edon an ak nan peyi Moab la. Yo rive sou bò solèy leve peyi Moab la, lòt bò larivyè Anon an. Se la yo moute kan yo pou yo rete. Men, yo pa janm janbe lòt bò larivyè Anon paske se li ki te sèvi fwontyè pou peyi Moab la.
Isaiah 13:14Lè sa a, moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi Babilòn lan va kouri al lakay yo nan peyi yo, tankou gazèl bèf mawon k'ap kouri pou chasè, tankou mouton san gadò ki gaye nan savann.