The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 16 › Isaiah 16:3

Isaiah 16:3

Y'ap di moun peyi Jida yo: -Ban nou ti konsèy non! Di nou sa pou nou fè! Pwoteje nou anba zèl ou, tankou yon pyebwa k'ap bay bon lonbray fre gwo midi. Se chape n'ap chache chape kò nou. Tanpri, kache nou. Pa lage nou nan men lènmi nou yo.

Bib La

In The King James Version

Take counsel, execute judgment; make thy shadow as the night in the midst of the noonday; hide the outcasts; bewray not him that wandereth.

In Context

2Y'ap rete tann bò larivyè Anon an. Yo san pozisyon, yo tankou ti zwazo yo mete deyò nan nich yo.

4Kite nou rete nan peyi nou an. Pwoteje nou anba moun ki soti pou fini ak nou yo. Moun ki t'ap kraze nou an p'ap la ankò. Piyay la ap fini. Moun ki t'ap pilonnen peyi a anba pye yo a ap disparèt.

Read all of Isaiah 16

Cross References

Judges 9:15Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!

Psalms 82:3Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo!

Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!

Isaiah 32:2Yo chak pral tankou kote moun al kache pou move van, tankou kote moun al kache pou van tanpèt. Y'ap tankou yon sous dlo k'ap koule nan dezè, tankou yon kokenn wòch k'ap bay lonbray kote ki pa gen dlo.

Jeremiah 21:12Nou menm ki soti nan branch fanmi wa David la, men sa Seyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste.

Ezekiel 45:9Seyè sèl Mèt la pale ankò, li di konsa: -Nou menm, chèf peyi Izrayèl la, nou fè kont peche nou. Sispann maltrete moun, sispann pran sa ki pa pou nou. Fè sa ki dwat, pa fè lenjistis. Pa mete pèp la deyò sou tè ki pou li a. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di nou sa.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 16:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 16:2Isaiah 16Isaiah 16:4 →