Isaiah 16:6
Moun peyi Jida yo di: -Nou tande jan moun Moab yo se moun ki gen lògèy. Wa pa kouzen yo. Nou konnen jan yo estomake, jan yo gen gwo tanta, jan yo awogan. Men, tou sa se van. Anyen menm!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 15:1Men sa Bondye di k'ap rive peyi Moab: -Y'ap detwi lavil A Moab nan yon grenn nwit. Tout peyi Moab la frèt! Y'ap pran yon sèl nwit pou yo detwi lavil Ki Moab la! Apre sa, tout peyi a frèt!
Isaiah 28:15-N'ap fè grandizè deske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n' kache, avèk fòs plan nou maske kò nou.
Isaiah 44:25Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.
Jeremiah 48:26Seyè a di ankò: -Fè lavil Moab sou, paske li te kenbe tèt avè m'. Se pou Moab woule nan vonmi l'. Li menm tou, se pou yo pase l' nan rizib.
Jeremiah 48:42Y'ap fini ak peyi Moab la, y'ap touye dènye moun ladan l', paske li te kenbe tèt ak Seyè a.
Amos 2:1Seyè a di konsa: Moun lavil Moab yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pa respekte zosman wa Edon an. Yo boule yo fè yo tounen sann.