Isaiah 17:8
Yo p'ap vire tèt yo bò lotèl zidòl yo te fè ak men yo. Yo p'ap leve je yo gade poto yo te mete kanpe pou Achera, zidòl fanm lan, ak lotèl kote y'ap boule lansan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Jou sa a, moun va vire tèt yo bò Bondye ki te kreye yo a, y'a leve je yo gade Bondye pèp Izrayèl la.
Cross References
Exodus 34:13Okontrè, se pou nou kraze lòtèl yo, dechouke tout vye ròch moniman yo te kanpe. Koupe tout poto bwa yo te plante pou zidòl yo.
2 Chronicles 31:1Lè fèt la fini, tout moun pèp Izrayèl ki te la yo ale nan tout lavil pèyi Jida yo. Yo kraze moniman wòch yo, yo jete estati zidòl Achera yo, yo demoli dènye tanp ak lotèl kote yo fè sèvis pou zidòl yo. Yo mache fè sa nan tout peyi Jida a, nan peyi moun Benjamen, moun Efrayim ak moun Manase yo. Lèfini, tout moun pèp Izrayèl yo tounen lakay yo nan peyi pa yo.
2 Chronicles 34:6Li fè menm bagay la tou nan lavil ki nan zòn moun Manase, moun Efrayim, ak moun Simeyon yo rive nan zòn moun Neftali yo ak nan tout ti bouk ki te nan vwazinaj yo.
Isaiah 2:8Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
Isaiah 27:9Men, pou l' padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a.
Isaiah 31:6Nou menm pèp Izrayèl, nou te vire do ban mwen, nou te kenbe tèt ak mwen anpil. Koulye a, tounen vin jwenn mwen!