Isaiah 2:8
Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Seyè!
Cross References
Deuteronomy 4:28Lè n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo, pou zidòl fèt an bwa, osinon an wòch, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen.
2 Kings 17:16Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.
2 Chronicles 28:2Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo. Li menm rive fè estati an kwiv pou Baal yo.
2 Chronicles 33:3Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.
Isaiah 10:10Menm jan mwen te leve men m' pou m' te pini peyi k'ap sèvi zidòl yo, peyi ki te gen plis estati zidòl pase lavil Jerizalèm ak lavil Samari,
Isaiah 37:19Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fèt an bwa ak wòch moun te fè ak men yo. Se poutèt sa yo te rive detwi yo.