Isaiah 18:3
Nou tout ki rete sou latè, leve je nou gade. Yo pral bay siyal la ak drapo kanpe sou tèt mòn yo. Louvri zòrèy nou, tande. Yo pral sonnen klewon an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 50:1Se yon sòm Asaf. Seyè ki Bondye tout bondye yo pale. Li rele tout moun ki rete sou latè, depi moun ki rete kote solèy leve jouk moun ki rete kote solèy kouche. Li fè yo tout sanble.
Isaiah 5:26Seyè a leve drapo l' pou l' bay siyal la. L'ap rele yon pèp ki byen lwen. L'ap soufle byen fò, l'ap rele moun soti jouk lòt bò nèt, nan dènye bout latè. Gade! Y'ap vole konsa, y'ap kouri vini!
Isaiah 11:12Seyè a pral leve yon drapo pou l' fè moun lòt nasyon yo wè li pral sanble tout moun pèp Izrayèl yo te depòte yo. L'ap ranmase tout moun pèp Jida ki te gaye toupatou sou latè yo. L'ap mennen yo tounen nan peyi yo.
Isaiah 13:4Koute yon gwo bri sou mòn yo! Se tankou bri yon gwo foul moun, yon kantite nasyon ak moun tout peyi k'ap sanble. Se Seyè ki gen tout pouvwa a k'ap fè enspeksyon lame li a anvan y' al goumen.
Jeremiah 22:29O latè, latè, latè! Koute sa Seyè a di:
Micah 6:2Nou menm, mòn yo, nou menm ki fondasyon tè a pou tout tan, tande plent Seyè a ap vin pote pou pèp li a! Wi, li pral pote plent pou pèp Izrayèl la! Li gen yon kòz pou l' plede ak li!