Isaiah 18:4
Seyè a di m' konsa: M'ap rete rete m' kote m' ye nan syèl la, m'ap gade anba san m' pa fè ankenn bri, tankou solèy la lè l'ap klere gwo midi, tankou lawouze k'ap tonbe nan mitan chalè lannwit nan sezon rekòt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Chronicles 6:21Wi, koute lapriyè m'ap fè ak lapriyè pèp Izrayèl ou a ap fè nan pye ou isit la. Nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè nou, padonnen nou.
Psalms 132:13Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.
Isaiah 14:32Kisa n'a reponn mesaje moun peyi Filisti yo va voye kote nou an? N'a di yo se Seyè a menm ki mete peyi Siyon an kanpe ankò pou tout bon. Se la tout pèp li a, pèp ki t'ap soufri a, va vin jwenn pwoteksyon.
Isaiah 26:19Moun pa ou yo ki te mouri pral leve vivan ankò. Kadav yo pral leve mache. Nou menm ki te anba tè, leve non! Chante ak kè kontan. Menm jan lawouze rafrechi latè, se konsa Seyè a pral fè sa ki te mouri depi lontan yo leve vivan ankò.
Isaiah 31:9Wa a menm pral kouri met deyò sitèlman l'ap pè. Yon sèl latranblad pral pran chèf lagè li yo, y'ap lage drapo yo atè kouri ale. Seyè a pale, se pou li dife k'ap boule sou mòn Siyon an, se pou li gwo boukan ki nan lavil Jerizalèm lan.
Isaiah 57:15Se mwen menm Bondye ki anwo nèt nan syèl la, Bondye ki la pou tout tan an, Bondye ki apa nèt la. Men sa mwen di: mwen rete yon kote ki anwo nèt, yon kote ki apa pou mwen nèt. Men mwen kanpe la avèk moun ki soumèt yo devan m', avèk moun ki gen lapenn tout bon pou sa yo fè ki mal, pou m' ka remoute kouraj yo, pou m' ba yo konfyans ankò.