Isaiah 2:7
Peyi a plen ajan ak lò. Richès pèyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Peyi a plen zidòl. Y'ap sèvi bagay yo fè ak men yo, bagay yo bay fòm ak dwèt yo.
Cross References
Deuteronomy 17:16Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò.
1 Kings 10:21Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen.
Job 3:15Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan.
Isaiah 30:16Men nou te pito di: Ann moute chwal nou kouri ale. Enben, ale! Ale non! Sove kò nou! Nou te pito di: n'a moute sou chwal ki konn kouri. Men tou, sa k'ap kouri dèyè nou yo pral kouri pi vit pase nou!
Jeremiah 5:27Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa.
Micah 5:10Seyè a di ankò: Jou sa a, m'ap touye tout chwal batay nou yo. M'a detwi tout cha nou yo.