Isaiah 21:17
Ou tande jan nan peyi sa a gen anpil vanyan sòlda ki konn tire banza byen? Enben! Se de twa ase ki va rete. Se mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 23:19Bondye pa tankou moun k'ap bay manti. Non! Li pa tankou moun k'ap chanje lide yo pou ti krik ti krak! Depi li pwomèt yon bagay, l'ap fè l'. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre!
Isaiah 1:20Men, si nou derefize koute m', si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n' mouri nan lagè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa ak bouch mwen.
Isaiah 17:4Seyè a di ankò: -Yon jou gen pou rive. Lè sa a, tout bèl pouvwa peyi Jakòb la pral disparèt. L'ap pèdi tout richès li, l'ap vin pòv.
Isaiah 34:16Ale gade nan liv Bondye a. Li sa ki ladan l'. Pa manke yon sèl nan tout bèt li kreye yo. Yo yonn pa pèdi parèy yo. Se Seyè a menm ki bay lòd sa a. Se lespri li k'ap mete yo ansanm yonn ak lòt.
Jeremiah 44:29Se mwen menm Seyè a ki di sa: m'ap ban nou yon siy, m'ap pini nou isit la menm. Konsa, n'a konnen malè mwen te pwomèt m'ap voye sou nou an rive vre.
Matthew 24:35Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen p'ap janm pase.