Isaiah 17:4
Seyè a di ankò: -Yon jou gen pou rive. Lè sa a, tout bèl pouvwa peyi Jakòb la pral disparèt. L'ap pèdi tout richès li, l'ap vin pòv.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 17:3Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne.
Isaiah 9:8Seyè a fè konnen desizyon l' sou peyi Izrayèl la ak sou moun fanmi Jakòb yo.
Isaiah 10:4Adye! Y'ap fè nou prizonye. Y'ap depòte nou, si nou pa gen tan mouri nan lagè. Men, se poko sa toujou. Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo!
Isaiah 24:13Se konsa sa pral ye nan tout peyi sou latè. Se va tankou apre rekòt lè y'ap gole dènye oliv ki rete nan pye oliv yo, lè y'ap fè grapyay apre rekòt rezen an.
Ezekiel 34:20Se konsa, koulye a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, mwen voye di nou: Mwen pral jije mouton gra yo ak mouton mèg yo.
Zephaniah 2:11Seyè a pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l', yo chak nan peyi pa yo.