Isaiah 21:5
Nan vizyon an, mwen wè yon tab byen ranje, yo louvri tapi atè pou envite yo chita. Y'ap manje, y'ap bwè. Yon moman, yo bay yon lòd: Kanpe, chèf lame yo! Pare zam nou pou defann nou!
Bib La
In The King James Version
Prepare the table, watch in the watchtower, eat, drink: arise, ye princes, and anoint the shield.
In Context
Cross References
Isaiah 13:2-Mete yon drapo kanpe sou tèt yon mòn kote pa gen pyebwa menm! Rele byen fò pou sòlda yo pare yo! Leve men ou anlè. Ba yo siyal pou y' al atake pòtay lavil grannèg yo!
Isaiah 22:13Men, gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n' manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri.
Jeremiah 51:11Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!
Jeremiah 51:39Lè y'a fin chofe kont yo, mwen menm m'ap pare yon fèt pou yo. M'ap fè yo sou, m'ap fè kè yo kontan. Lèfini, yo pral dòmi yon dòmi ki p'ap janm fini, yo p'ap janm leve ankò.
Daniel 5:1Yon jou, wa Bèlchaza bay yon gwo resepsyon pou mil moun nan gwo zotobre peyi a. Yo t'ap bwè diven ansanm.