Isaiah 22:23
M'ap mete l' chita, l'ap tankou yon zegwi bwa yo fè antre byen fon nan yon poto. Li pral sèvi yon lwanj pou fanmi papa l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 45:9Koulye a, prese tounen kay papa m'. Al di l': Men sa Jozèf, pitit gason l' lan, voye di l': Bondye mete m' chèf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize.
Ezra 9:8Men koulye a, depi kèk jou, Seyè a, Bondye nou an, te fè nou yon favè. Li sove de twa nan nou, li ban nou yon kote pou nou jwenn pwoteksyon nan kay ki apa pou li a. Se konsa li ban nou kouraj ankò, li wete nou nan kalite esklavaj kote nou te ye a, li ban nou yon ti souf.
Esther 10:3Madoche, nonm jwif la, te sèl chèf apre wa Asyeris. Tout jwif parèy li yo te respekte l', yo te renmen l' anpil. Li te travay anpil pou byen pèp la, li te vle pou tout moun nan ras jwif la viv ak kè poze.
Ecclesiastes 12:11Pawòl moun ki gen konprann tankou baton yo sèvi pou djige bèf kabwa. Liv pwovèb yo tankou yon seri klou yo kloure yonn kot lòt. Men se yon sèl mèt ki bay yo, se Bondye.
Luke 22:29Se poutèt sa, menm jan Papa a te ban m' dwa pou m' gouvènen nan peyi kote li wa a, mwen menm tou, m'ap ban nou dwa sa a.