Isaiah 23:11
Seyè a te lonje men l' anwo lanmè a. Li te jete wa ki t'ap gouvènen yo a. Li te bay lòd pou yo detwi tout pò moun Finisi yo te gen nan peyi Kanaran.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:15Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et.
Exodus 14:21Moyiz lonje men l' sou lanmè a. Seyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò.
Psalms 46:6(046:7) Moun lòt peyi yo ap bat kò yo, chèf gouvènman yo pran lezam. Bondye fè tande vwa li, latè pran tranble.
Isaiah 2:19Yo pral kache kò yo nan twou wòch. Yo pral fouye twou anba tè pou yo chape anba kòlè Bondye. Sezisman va pran yo lè y'a wè Seyè a. Y'a kouri al kache lè pouvwa li ap parèt aklè, lè Seyè a va leve pou l' fè tè a tranble.
Isaiah 14:16Mò ki wè ou yo ap fikse je yo sou ou. Y'ap gade ou, y'ap di: Se pa moun ki te konn fè tè a tranble a sa? Se pa li ki te konn fè chèf yo tranble a sa?
Isaiah 23:3achte ble yo rekòlte bò larivyè Nil nan peyi Lejip la, apre sa pou nou mache vann li avèk gwo benefis. Nou t'ap fè kòmès ak tout peyi.