Isaiah 23:12
Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:4Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
Genesis 49:13Zabilon pral rete bò lanmè. Batiman yo va jwenn bon pò sou rivaj li yo. Limit peyi l' la ap rive jouk Sidon.
Deuteronomy 28:64Seyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pa t' janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.
Isaiah 23:1Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.
Isaiah 37:22Men pawòl Seyè a di sou li: Senakerib, lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.
Isaiah 47:5Men sa li di lavil Babilòn: Chita la! Pa di yon mo! Rete nan fènwa a! Yo p'ap janm rele ou ankò larenn tout peyi yo.