Isaiah 23:8
Se lavil Tir wa a te chita ap nonmen chèf. Tout kòmèsan li yo, se gwo chèf yo te ye. Negosyan l' yo menm, se moun yo te respekte toupatou sou latè. Kilès ki te pran desizyon fè lavil Tir la sa?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 29:24Lè sa a, tout moun sou latè va mande: Poukisa Seyè a fè moun sa yo sa? Pouki tout kòlè sa a sou peyi a?
Isaiah 36:9Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi, se sou peyi Lejip w'ap konte jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè!
Ezekiel 28:2-Nonm o! Pale ak chèf peyi Tir la, di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye.
Zechariah 9:3Lavil Tir bati gwo miray ranpa ak fò. Yo anpile lò ak ajan lakay yo tankou pousyè granchemen.