Isaiah 24:15
Konsa tou, moun ki rete bò solèy leve pral fè lwanj Seyè a. Moun ki rete sou zile nan lanmè a pral fè chante pou Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 10:4Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
Job 35:9Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele.
Isaiah 25:3Se poutèt sa, moun gwo nasyon yo ap fè lwanj ou. Lwijanboje ki rete nan lavil gwo peyi yo va gen krentif pou ou.
Isaiah 42:4Li p'ap pèdi espwa, li p'ap pèdi kouraj, jouk l'a fin mete jistis toupatou sou latè, jouk moun ki nan zile yo va rete ap tann lòd l'ap bay yo.
Isaiah 42:12Se pou tout moun ki rete nan zile yo chante pou Seyè a, se pou yo fè lwanj li.
Isaiah 51:5Mwen p'ap mize vin sove nou. Talè konsa m'ap delivre nou. Se mwen menm ki pral gouvènen nasyon yo. Moun ki sou zile yo ap tann mwen vini, y'ap tann mwen vin delivre yo.