Isaiah 24:14
Sa ki chape yo pral rele, yo pral chante byen fò ak kè kontan. Y'ap rete bò solèy kouche a, yo pral di jan Seyè a gen pouvwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 12:1Jou sa a, w'a pran chante: -M'ap fè lwanj ou, Seyè! Ou te move sou mwen. Men koulye a, ou pa fache ankò. W'ap ban m' kouraj.
Isaiah 26:1Jou sa a, pèp la va chante kantik sa a nan peyi Jida: -Koulye a, nou gen yon lavil ki byen pwoteje! Bondye bati gwo miray ak ranpa pou l' delivre nou.
Isaiah 35:2Dezè pral kouvri ak flè, yo pral fè fèt. Yo pral chante. Yo pral gen gwo pyebwa tankou mòn Liban. Yo pral plen bèl pyebwa tankou mòn Kamèl ak mòn Sawon. Tout moun va wè gwo pouvwa Seyè a. Y'a wè bèl bagay Bondye nou an fè.
Isaiah 40:9Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini!
Isaiah 44:23Ou menm syèl la, chante byen fò! Se pou tout kote ki byen fon anba tè a fè fèt! Se pou mòn yo rele tank yo kontan! Se pou rakbwa yo ansanm ak tout pyebwa ki ladan yo danse fè fèt. Paske Seyè a delivre fanmi Jakòb la, li fè moun Izrayèl yo wè pouvwa li.
Isaiah 52:7Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen!