Isaiah 24:4
Tout moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Yo pral ravaje tout tè a, yo pral piye tout bagay. Seyè a fin pale, se sa ki pou rive.
Cross References
Isaiah 2:11Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 28:1Madichon pou gwògmann ki alatèt peyi Efrayim lan! Pouvwa yo ap fini tankou bèl flè ki te nan kouwòn yo te mete sou tèt yo a. Madichon pou bèl kapital k'ap deperi sou tèt mòn kote li dominen bon venn tè ki nan plenn lan! Madichon pou nou tout ki anba gwòg nou!
Isaiah 64:6Nou tout nou te tankou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Tou sa nou t'ap fè ki byen te tankou rad sou moun ki pa nan kondisyon pou sèvi ou. Akòz peche nou yo, nou te tankou fèy chèch van ap bwote.
Jeremiah 12:4Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwezo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.