Isaiah 24:5
Moun yo pa respekte peyi Bondye a. Yo pa koute lòd Bondye ba yo. Yo derefize fè sa l' te mande yo fè a, yo derefize obeyi kòmandman Bondye yo. Yo pa kenbe kontra li te fè ak yo pou tout tan an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:17Apre sa li di Adan. Ou koute pawòl madanm ou, pa vre! Ou manje fwi pyebwa mwen te ba ou lòd pa manje a. Poutèt sa ou fè a, m'ap madichonnen tè a. W'a gen pou travay di toutan pou fè tè a bay sa ou bezwen pou viv.
Genesis 17:13Wi, se pou yo tout yo sikonsi, kit yo fèt lakay ou, kit yo fèt nan peyi etranje. Se va yon mak nan kò nou pou fè wè kontra mwen pase avèk nou an, se yon kontra ki la pou tout tan.
Leviticus 20:22Seyè a di ankò: -Se pou nou kenbe tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen ban nou yo, se pou nou swiv yo. Konsa, peyi kote mwen pral mennen nou pou nou rete a p'ap voye nou jete deyò.
Numbers 35:33Piga nou janm fè bagay ki pou fè Bondye vire do bay peyi kote nou pral viv la. Lè yon moun touye yon lòt moun, se sa k'ap mete peyi a nan kondisyon li derespekte Bondye ak san ki koule a. Lè konsa, pa gen lòt mwayen pou fè Bondye padonnen peyi a pase se touye pou nou touye moun ki touye a.
Deuteronomy 32:20Li di: mwen pral vire do m' ba yo. M'a wè sa ki pral rive yo. Se yon bann moun ki plen vis, yon bann pitit ou pa ka fin fye nèt.
Joshua 24:25Se konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv.