Isaiah 26:21
Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:10Bondye di l' konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L'ap mande revanj.
Job 16:18Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye!
Isaiah 13:11Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.
Isaiah 30:12Se poutèt sa, men sa Bondye pèp Izrayèl la, Bondye apa a, ap di: Nou pa vle koute avètisman m'ap ban nou an. Nou pito met konfyans nou nan moun k'ap fè mechanste, nan moun k'ap fè bagay sou kote. Se sou yo nou apiye.
Ezekiel 8:6Bondye di m' ankò: -Nonm o! Eske ou wè sa y'ap fè? Gade tout bagay derespektan moun pèp Izrayèl yo ap plede fè pou yo fè m' kite tanp mwen an. Ou gen pou wè bagay ki pi mal pase sa toujou.
Ezekiel 10:3Gwo bèt vivan yo te kanpe sou bò sid tanp lan lè li antre a. Yon gwo nwaj anvayi tout lakou anndan tanp lan.