Isaiah 13:11
Seyè a di ankò: -Mwen pral fè dezolasyon tonbe sou tout latè poutèt mechanste moun yo ap fè. Mwen pral pini tout mechan yo poutèt fòfè y'ap fè yo. Mwen pral kraze lògèy tout moun k'ap gonfle lestonmak yo. Mwen pral kraze awogans tout mechan k'ap peze moun anba pye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Moun k'ap chape yo ap pi ra pase bon lò, pase bon lò ki soti nan peyi Ofi.
Cross References
Proverbs 11:31Gade! Moun ki mache dwat jwenn rekonpans yo isit sou latè. Men, nou pa bezwen mande si moun k'ap fè mechanste ak moun k'ap viv nan peche p'ap jwenn ak pa yo tou!
Isaiah 2:12Wi, jou sa a, se va jou Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a! L'ap fè tout moun ki t'ap gonfle lestonmak yo bese je yo gade atè ansanm ak tout moun ki t'ap fè awogan yo ak tout grannèg yo.
Isaiah 3:11Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y'a fè yo peye pou sa yo fè a.
Isaiah 11:4L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo.
Isaiah 14:21Pare pou nou masakre tout pitit wa yo poutèt mechanste papa yo te fè! Pa kite yonn ladan yo chape pou yo pa janm vin chèf, pou yo pa janm mache bati lavil toupatou sou latè ankò.
Isaiah 25:5Yo tankou gwo solèy k'ap boule yon tè sèk. Men, Seyè, ou kase fe lènmi nou yo. Ou fè tout mechan yo fèmen bouch yo. Ou fè yo frèt tankou lè gwo nwaj bare solèy la nan sezon chalè.