The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 27 › Isaiah 27:10

Isaiah 27:10

Lavil ki te gen gwo ranpa ap fin kraze. Pa gen moun ki rete la ankò. Lavil la tounen yon savann. Se la jenn bèf vin rete, se la yo manje, se la yo kouche. Y'ap manje dènye ti pous raje.

Bib La

In The King James Version

Yet the defenced city shall be desolate, and the habitation forsaken, and left like a wilderness: there shall the calf feed, and there shall he lie down, and consume the branches thereof.

In Context

9Men, pou l' padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a.

11Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pa t' konprann anyen, Bondye ki te kreye l' la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l' la p'ap fè l' gras.

Read all of Isaiah 27

Cross References

Isaiah 5:9Men sèman mwen tande Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, fè: Tout kay sa yo gen pou yo tounen mazi. Yo te mèt bèl kou yo bèl, yo te mèt gwo kou yo gwo, p'ap gen moun pou rete ladan yo.

Isaiah 7:25Nan tout mòn kote yo te konn travay ak wou pou plante, pesonn p'ap ka ale la ankò poutèt pikan ak raje. Se bèf y'a lage la, se la mouton yo pral manje.

Isaiah 17:9Lè jou sa a va rive, moun pral kouri kite tout lavil kote yo te konn al chache pwoteksyon yo. Se va tankou lè moun Ivi yo ak moun Amon yo te kouri kite tout lavil yo devan pèp Izrayèl la. Lavil yo pral tounen savann.

Isaiah 25:2Ou fè tout lavil tounen pil wòch, lavil ki te gen gwo ranpa tounen vye kay kraze. Sitadèl lènmi yo te bati a disparèt. Yo p'ap janm ka rebati l' ankò.

Isaiah 64:10Lavil yo mete apa pou ou yo rete san moun ladan yo. Mòn Siyon an tankou yon dezè. Lavil Jerizalèm tounen yon savann.

Jeremiah 26:18-Sou rèy Ezekyas, wa peyi Jida a, pwofèt Miche, moun lavil Morechèt la, te bay tout pèp peyi Jida a mesaj sa a: Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: N'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen yon mazi. Gwo rakbwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 27:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 27:9Isaiah 27Isaiah 27:11 →