Isaiah 27:6
Nan jou k'ap vini yo, fanmi Jakòb la pral pouse rasin ankò, pèp Izrayèl la pral boujonnen, li pral fè flè. Li pral kouvri latè ak donn l'ap bay.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 6:13Menm si rete yon sèl moun sou chak dis moun nan peyi a, y'ap toujou disparèt yo. Se va tankou lè yo koupe pye kajou ak pye bwadchenn. Chouk la ase ki va rete. Chouk sa a va pouse ankò, pèp Bondye a va kanpe ankò.
Isaiah 49:20Yon lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo, n'a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y'a di nou: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.
Isaiah 60:22Fanmi ki pi piti nan mitan nou an pral gen mil (01.000) moun. Fanmi ki pa vo anyen an pral tounen yon gwo nasyon. Se mwen menm Seyè a ki p'ap mize fè sa, lè lè a va rive.
Hosea 2:23M'ap fè yo peple nan peyi a. M'a gen pitye pou moun mwen te meprize yo. M'a pale ak moun ki pa moun pa m' yo, m'a di yo: Se pèp mwen nou ye. Yo menm, y'a reponn: Wi, se Bondye nou ou ye.
Hosea 14:6Yo pral boujonnen sou tout kò yo. Y'ap bèl tankou pye oliv. Y'ap santi bon tankou pye sèd peyi Liban.
Zechariah 10:8Mwen pral rele yo pou m' fè yo sanble paske mwen delivre yo. Yo pral vin peple anpil ankò, jan yo te ye anvan an.