Isaiah 49:20
Yon lè, pitit nou te kwè ki te pèdi nèt yo, n'a tande yo ap pale nan zòrèy nou, y'a di nou: Peyi a twò piti pou nou. Ban nou kote pou nou rete.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 17:14Moun fanmi Jozèf yo di Jozye konsa: -Poukisa se yon sèl pòsyon ou ban nou nan tè a pou rele nou pa nou? Nou anpil wi. Seyè a pa manke beni nou.
Isaiah 51:3Mwen menm Seyè a, mwen pral gen pitye pou peyi Siyon an, pou tout moun k'ap viv nan kay kraze l' yo. M'ap fè tout dezè li yo tounen bèl jaden, tout savann li yo tounen tankou premye jaden mwen te plante Edenn lan. Se kè kontan, se fèt ase ki va gen la. Y'a chante, y'a fè mizik pou di m' mèsi.
Isaiah 60:4Voye je nou toupatou bò kote nou, gade sa k'ap rive! Tout moun pa nou yo ap sanble, y'ap tounen lakay yo. Pitit gason nou yo ap soti byen lwen. Moun ap pote pitit fi nou yo tankou timoun chita sou ren yo.
Matthew 3:9Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.