Isaiah 6:10
Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 7:3Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.
Exodus 11:10Moyiz ak Arawon te fè tout mirak sa yo devan farawon an. Men farawon an pa t' vle kite moun pèp Izrayèl yo soti kite peyi a. Seyè a fè farawon an fè tèt di pi rèd toujou.
Deuteronomy 2:30Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a.
Deuteronomy 32:15Pitit Jakòb yo manje plen vant yo! Yo vin gra, y'ap pete nan po yo, yo konmanse voye pye. Yo voye Bondye ki te fè yo a jete. Yo vire do bay Bondye ki t'ap pwoteje yo a, Bondye ki te delivre yo a.
Psalms 119:70Moun sa yo gen lespri yo bouche, men mwen menm, mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou la.
Ecclesiastes 3:3lè pou ou touye, lè pou ou geri, lè pou ou kraze, lè pou ou bati.