Isaiah 29:4
Lavil Jerizalèm pral tankou yon moun anba tè k'ap pale. Pousyè tè ap toufe pawòl nan bouch li. Antan li anba tè a, l'ap pale tankou yon zonbi ak yon vwa nan nen tou fèb!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 2:11Yon jou gen pou vini! Lè sa a, p'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Jou sa a, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 8:19Si pèp la mande nou pou n' al kay divinò ak moun k'ap rele mò, yon bann moun k'ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun pa gen dwa mande bondye yo sa pou yo fè? Eske yo pa gen dwa al rele mò yo pou vivan yo?
Lamentations 1:9Malpwòpte te sou tout rad li, men li pa t' fè lide kote sa t'ap mennen l'. Li tonbe plat atè. Pesonn pa vin konsole li. Bondye papa m', gade nan ki mizè mwen ye non! Lènmi m' yo mete pye sou kou mwen.