Isaiah 8:19
Si pèp la mande nou pou n' al kay divinò ak moun k'ap rele mò, yon bann moun k'ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun pa gen dwa mande bondye yo sa pou yo fè? Eske yo pa gen dwa al rele mò yo pou vivan yo?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 19:31Piga n' al konsilte moun k'ap rele mò nan tab tounant osinon moun k'ap fè divinò. Si nou fè sa, n'ap tounen tankou moun sa yo, nou p'ap nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Deuteronomy 18:10Piga pesonn nan nou pran pitit gason osinon pitit fi li pou li boule nan dife pou zidòl. Piga gen pesonn nan mitan nou k'ap fè divinò, k'ap etidye zetwal nan syèl la pou konnen sa ki gen pou rive, k'ap pran pwen, k'ap fè maji.
1 Samuel 28:7Lè sa a, Sayil rele moun k'ap sèvi avè l' yo, li ba yo lòd sa a: -Al chache kote nou ka jwenn yon fanm ki konn rele mò pou l' travay pou mwen. Yo reponn li: -Gen yonn lavil Andò.
1 Samuel 28:11Fanm lan di l': -Ki moun pou m' rele pou ou? Li reponn: -Rele Samyèl pou mwen.
2 Kings 1:3Men, zanj Seyè a pale ak pwofèt Eli, moun lavil Tichbe a, li di l' konsa: —Leve al kontre mesaje Okozyas, wa peyi Samari a. W'a mande yo si pa gen Bondye nan peyi Izrayèl la kifè yo pral pale ak Baalzeboub, bondye lavil Ekwon an.
2 Kings 23:24Jozyas fè disparèt tout divinò ak tout moun ki konn rele mò, tout estati zidòl wogatwa ak lòt vye zidòl degoutan, ak tout lòt vye bagay yo te konn wè nan tout peyi Jida ak nan lavil Jerizalèm. Li fè sa pou l' te ka kenbe kòmandman ak prensip ki ekri nan liv Lalwa Ilkija, prèt la, te jwenn nan Tanp Seyè a.