Isaiah 29:9
Nou pral sezi, nou pral rete bèbè! Fèmen je nou pou nou pa wè! Nou pral sou, san nou pa menm bwè. N'ap titibe san nou pa pran yon gout gwòg!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 6:10Fè lespri pèp la vin lou! Bouche zòrèy yo! Mare je yo! Konsa, yo p'ap ka tande, yo p'ap ka wè, yo p'ap ka konprann. Yo p'ap ka tounen vin jwenn mwen pou m' geri yo.
Isaiah 22:12Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.
Isaiah 29:10Paske Seyè a fè nou anvi dòmi. Li fè je nou vin lou. Pwofèt yo, se je pèp la yo ye! Li kouvri tèt nou. Divinò yo, se tèt pèp la yo ye.
Isaiah 49:26Moun k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt. Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap sove nou. Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.
Isaiah 51:21Se poutèt sa, nou menm moun lavil Jerizalèm ki nan soufrans, koute pawòl sa yo byen, nou menm ki sou tankou si nou te bwè diven.
Jeremiah 2:12Se pou syèl la pantan lè li tande sa! Se pou l' tranble. Se pou l' rete sezi! Se mwen menm Seyè a ki di sa.