Isaiah 3:10
Se pou nou di: Ala bèl bagay pou moun ki mache dwat yo! Zafè yo mache byen tou. Y'a jwi pwofi travay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Men, pòv mechan yo, malè ap tonbe sou yo. Y'a fè yo peye pou sa yo fè a.
Cross References
Psalms 18:23(018:24) Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal.
Psalms 128:2Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen.
Ecclesiastes 8:12Yon moun k'ap fè sa ki mal gen dwa fè san (0100) krim, yonn sou lòt, epi l'ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w'ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye.
Jeremiah 15:11Seyè, se pou tout madichon yo rive m' vre si mwen pa sèvi ou byen, si mwen pa t' plede avè ou pou tout lènmi m' yo, lè yo te nan malè, lè yo te nan tou sak pa bon.
Ezekiel 9:4Li di l' konsa: -Ale nan tout lavil Jerizalèm. Mete yon mak sou fwon tout moun w'a wè k'ap plenn, ki nan gwo lapenn pou tout vye bagay derespektan k'ap fèt nan lavil la.
Zephaniah 2:3Nou menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Seyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Seyè a va fè wè kòlè li.