Isaiah 3:16
Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo tou blanch, m'ap kite yo san cheve.
Cross References
Proverbs 21:4Fè awogans, gonfle lestonmak yo sou moun, se sa ase mechan yo ap chache fè. Tou sa se peche.
Song of Solomon 3:11Soti non, medam mòn Siyon yo! Vin wè wa Salomon ak kouwòn manman l' te mete sou tèt li jou maryaj li, jou kè l' te kontan anpil la.
Isaiah 3:18Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo,
Isaiah 24:4Tout moun sou latè nan lapenn. Yo pa kapab ankò. Pèp la ap plenn, y'ap deperi. Chèf yo ap plenn ansanm ak rès pèp la.
Ezekiel 16:49Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite.
Matthew 21:5Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman.