Isaiah 30:13
Enben, se nou ki va pote chay la. Nou tankou yon miray ki make fann, tankou yon gwo miray byen wo ki gen yon pati ladan l' k'ap souke, ki gonfle prèt pou tonbe. N'ap rete konsa, n'ap tonbe anvan nou bat je nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 20:30Sa ki chape yo kouri ale lavil Afèk. Lè yo rive la, miray lavil la tonbe sou yo, li touye vennsètmil (027.000) sòlda ki te rete yo. Bennadad tou te chape kò l' nan lagè a. Li antre nan yon kay, l' al kache nan yon pyès jouk nan fon.
Psalms 62:3(062:4) Kilè n'a sispann tonbe ansanm sou do yon moun pou n' chache lage l' atè tankou yon miray ki tou panche, tankou yon lantouraj k'ap tonbe?
Psalms 73:19Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.
Isaiah 29:5Men, tout lènmi ou yo pral gaye tankou pousyè nan van. Tout kantite moun ki t'ap fè ou pase tray yo pral disparèt tankou pay van ap bwote. W'ap rete konsa,
Ezekiel 13:14M'ap lage miray nou te blanchi ak lacho a atè, m'ap kraze l' ratè, wòch fondasyon yo pral parèt deyò. Miray la ap tonbe sou nou, l'ap kraze nou. Lè sa a, nou tout va konnen se mwen menm ki Seyè a.
Luke 6:49Men, moun ki tande pawòl mwen, ki pa fè sa mwen di fè, li tankou yon nonm ki bati yon kay ratè, san fondasyon. Lavalas frape kay la, yon sèl kou kay la tonbe, li kraze nèt.