Isaiah 30:15
Men, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te di pèp la: Tounen vin jwenn mwen, lèfini ret trankil, n'a delivre. Ret dousman, met konfyans nou nan mwen. Se sa ki tout fòs nou. Men, nou pa t' vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 14:14Seyè a ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou.
2 Chronicles 16:8Eske moun Letiopi yo ak moun Libi yo ansanm pa t' fè yon gwo lame ak anpil cha lagè, anpil kavalye sou chwal? Malgre sa, Seyè a te lage yo nan men ou paske ou te mete konfyans ou nan li.
Psalms 80:11(080:12) Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat.
Isaiah 7:4W'a di l' pou l' fè atansyon pou l' pa pèdi tèt li. Li pa bezwen pè. Li pa bezwen gen kè sote pou de ti bout bwa dife k'ap fè lafimen, ki vle di pou wa Rezen, moun peyi Siri a, ak pou wa Pekaz, pitit Remalya a, k'ap fè kòlè.
Isaiah 30:7Paske konkou Lejip ap ba yo a p'ap sèvi yo anyen, paske li pa vo anyen, se poutèt sa mwen bay peyi a yon ti non. Mwen rele l': Dragon dan kase a.
Isaiah 32:17Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan.