Isaiah 32:17
Paske tout moun ap fè sa ki dwat, y'a viv ak kè poze, san danje ni malè pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Toupatou nan peyi a, nan dezè a kou nan jaden yo, p'ap gen lenjistis, ni patipri.
18Pèp Bondye a va rete lakay yo ak kè poze, san danje. Yo p'ap gen pwoblèm.
Cross References
Esther 9:30Yo voye lèt la bay tout jwif nan sanvennsèt (0127) pwovens peyi wa Asyeris la. Lèt la te mande pou jwif yo te viv ak kè poze san fè kont.
Psalms 72:3Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.
Psalms 112:6Li p'ap janm bite. Yo p'ap janm bliye l'.
Proverbs 1:33Men, moun ki koute sa m' di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.
Isaiah 2:3Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.
Isaiah 11:6Bèt nan bwa ak mouton va viv ansanm. Tig pral kouche menm kote ak jenn kabrit. Jenn ti bèf ak jenn ti lyon pral manje ansanm. Lèfini, se yon timoun ki pral okipe yo.