The Bible Software
bible.software › Isaiah › Isaiah 30 › Isaiah 30:2

Isaiah 30:2

Yo desann al nan peyi Lejip san yo pa mande m' konsèy. Y' al mande farawon an pou l' pwoteje yo, y' al mete kò yo anba zèl peyi Lejip.

Bib La

In The King James Version

That walk to go down into Egypt, and have not asked at my mouth; to strengthen themselves in the strength of Pharaoh, and to trust in the shadow of Egypt!

In Context

1Men sa Seyè a di: -Madichon pou pitit mwen yo k'ap fè tèt di ak mwen! Nan tou sa y'ap fè, se pwòp lide yo y'ap swiv, se pa lide pa m'. Y'ap siyen lòt kontra, atout mwen di yo non. Y'ap fè peche sou peche.

3Men, farawon an p'ap ka fè anyen pou nou. Pwoteksyon peyi Lejip la ap tounen yon wont pou nou.

Read all of Isaiah 30

Cross References

Deuteronomy 28:68Seyè a va fè nou tounen nan peyi Lejip nan bato, atout se li menm ki te pwomèt nou pa t'ap janm tounen la ankò. N' aval vann tèt nou bay lènmi nou yo pou nou sèvi yo esklav, men pesonn p'ap vle achte nou.

Judges 9:15Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!

2 Kings 17:4Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'.

Isaiah 16:3Y'ap di moun peyi Jida yo: -Ban nou ti konsèy non! Di nou sa pou nou fè! Pwoteje nou anba zèl ou, tankou yon pyebwa k'ap bay bon lonbray fre gwo midi. Se chape n'ap chache chape kò nou. Tanpri, kache nou. Pa lage nou nan men lènmi nou yo.

Isaiah 20:5Moun ki te konte sou peyi Letiopi ak moun ki t'ap fè lwanj peyi Lejip yo pral wont, yo pral dekouraje.

Isaiah 36:6Ou al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l' konfyans.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Isaiah 30:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Isaiah 30:1Isaiah 30Isaiah 30:3 →