Isaiah 31:1
Madichon pou moun k'ap desann peyi Lejip al chache sekou! Yo mete konfyans yo nan chwal, nan kantite cha lagè, nan fòs sòlda kavalye. Yo pa dòmi reve Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Yo pa chache pwoteksyon bò Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 47:17Se konsa, yo mennen bèt yo bay Jozèf pou fè boukantay. Li ba yo manje, yo ba li chwal, bèf, mouton, bourik. Pandan tout lanne a, li boukante manje ak yo pou valè bèt yo te genyen.
2 Chronicles 16:7Lè sa a, pwofèt Anani vin jwenn Asa, wa peyi Jida a, li di l' konsa: -Se paske ou te pito mete konfyans ou nan lame wa peyi Siri a pase nan Seyè a, Bondye ou la, kifè lame wa peyi Siri a chape anba men ou.
Job 39:11Eske ou ka konte sou gwo fòs kouraj li pou fè li travay di pou ou?
Psalms 33:16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.
Isaiah 2:7Peyi a plen ajan ak lò. Richès pèyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen.
Isaiah 9:12Peyi Lasiri sou bò solèy leve, peyi Filisti sou bò solèy kouche, y'ap devore pèp Izrayèl la ak gwo koutdan. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin regle ak yo.